Mèri Pòdpe a, badijonnen ak matyè fekal : popilasyon an kraze silans yo nan jou fèt patwonal la

12/08/2025
Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan bonè maten lendi 8 desanm 2026 la, jou fèt patwonal komin Pòdpe a, endividi ke yo poko idantifye badijonnen antre ak plizyè pòt Mèri a ak matyè fekal. Zak chokan sa a, ki dewoule anplis nan yon jou senbolik pou komin nan, soulve gwo endinyasyon nan popilasyon an epi mete yon fwa ankò administrasyon lokal la anba gwo presyon.
Aksyon degradan sa a vin agrave kriz konfyans ki te deja genyen ant moun nan Site Kapwa Lamò a ak ajan egzekitif Mèri a, Josué Alusma. Depi plizyè lane, sitwayen yo pa sispann denonse sa yo rele enkonpetans, kòripsyon ak mank rezilta nan direksyon minisipal la, malgre plis pase 10 ane Alusma pase nan tèt Mèri a ap krate santi. Daprè plizyè vwa nan komin nan, sa ki rive a se yon “yon pay dezespwa” ki tradwi yon popilasyon ki bouke ak promès san swivi.
Malgre gravite zak la, otorite lokal yo poko reyaji piblikman, sa ki kite anpil kesyon san repons. Pandan komin nan ap selebre fèt patwonal li, move odè ak tansyon politik la vinn pi santi, epi anpil moun mande gouvènman santral la pou entèvni pou retabli lòd ak konfyans nan yon administrasyon minisipal ki ta sanble jwen benediksyon KPT ak gouvènman Didier Fils Aimé atravè kòripsyon.
Ajoute ak sa, dènye sòti reprezantan pati Pitit Desaleen nan, nan vil Pòdpè anfavè Josué Alusma, temwanye ou konfime konfyolo ak vye tranzaksyon dezonorab ki te fèt ant militan politik krizokal, Moise Jean Charles pou te rekondwi Josué Alusma nan yon parèy pòs ki kontinye ap lage vil Pòdpè nan dezawà, malpwòpte, enpidisite ak piyaj kòripsyon nan sakèt ak tè leta.





