Kolizyon pouvwa ak manipilasyon kat idantifikasyon : apèl pou ankèt prese prese

259
0
Share:
TRiboLAND

08/28/2026

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Asanblaj 9 gwoupman politik denonse avèk anpil fòs dap piyanp ke platfòm politik ki anbazèsèl pouvwa a fè sou bazdone yon seri enstitisyon Leta, nan objektif pou boske ak fè kòtmaltaye ak nimewo kat elektoral yon latriye evantyèl elèktè.

Gwoupman politik sila yo, ki nan bonjan kòkòday pou fè kolònn nan pwochen eleksyon yo, deklare nan lèt papye tenbre ke lyo soumèt bay KEP la, deklare ke yo genyen gwo kè sote fas ak fason ke manje ranje ki sou pouvwa a ap manniganse pou akapare e itilize bazdone anpil enstitisyon Leta, yon fason pou arive pran nimewo kàt idantite nasyonal sitwayen yo e enskri yo nan KEP pou pwòp enterè yo.

Antouka, se vandredi sen ki kapab fè konnen si ap genyen yon bon dimanch Pak! Avèk yon “katafal pyèj mèt dam”, ak “dekoupe lèt ak dlo” bò kote pouvwa kriminèl ki genyen nan tèt li PM Alix Didier Fils-Aimé, nenpòt timoun piti kapab deja konstate echèk total e kapital eleksyon yo, ki kòm toujou, chita sou jwèt kòken, frod, trikaj ak sipèvizyon reselè kolon blan nan entènasyonal la.

Akapare yon seri nimewo kat idantifikasyon yon seri sitwayen pou fasilite jwèt pikekole elektoral, se deja yon zak kriminèl ou yon vyolasyon elektoral ki merite denonse e rakle vèk anpil rigè. Konsa, yon moun kapab konprann pozisyon 9 gwoupman politik yo ki ap fè bwas pou egzije swadizan Konsèy Elektoral Pappadap la mennen yon ankèt san fòs kote sou yon parèy deriv ak manipilasyon ki riske kokoratize ti rès aki ou valè demokratik yo ki ap disparèt nan sosyete ayisyèn lan.

Share:

Leave a reply