Kriz Sekirite nan Senlwidinò, moun Degranj jwenn yon jèn gason tèt koupe

12/02/2025
Senlwi Dinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Maten madi 2 desanm 2025, popilasyon an nan zòn Site Degranj nan komin Senlwi Dinò, leve ak yon gwo dram ki boulvèse tout komin nan. Yo jwenn kadav yon jèn gason san tèt, san yo pa jwenn pati ki manke a sou plas la.
Daprè enfòmasyon ki sòti nan Polis minisipal Sen Lwi Dinò a, viktim nan rele Evens, li se moun ki rete Bike, nan 3yèm seksyon Sen Lwi Dinò. Papa li, yo konnen l sou non Bobo, ap viv nan zòn Site a menm.
Divès enfòmasyon kap sikile nan komin lan, ta fè kwè se gwoup “Tirach” la ki ta komèt zak sa a. Selon deklarasyon yo, gwoup la ta koupe tèt jèn gason an, pran li avèk yo, epi pita ale jete l nan rivyè Ba, yon ti distans apre chemen Degranj.
Plizyè sitwayen leve vwa yo pou mande otorite yo fè entèvasyon nesesè pou estope tib sa kap ponpe san ensekirite sa, nan komin lan.






