Nan okazyon onzyèm ane ekzistans Altènativ Sosyalis (ASO) yon gro rasanbleman realize ak delege kominal yo nan vil Jeremi.

11- 18- 2025
Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Nan lespri pou bay peyi a yon lòt oryantasyon, Altènativ Sosyal (ASO) arive reyini ak manm delegasyon preske nan tout komin depatman Grandans lan.
Objektif yon parèy rankont te plis chita sou bwase lide sou sa ki genyen pou wè avèk selebwe onzyèm ane ekzistans yo, men tou reflechi sou problèm peyi a, e degaje ansanm yon altènativ pou yon sòti kriz daprè kòdonatè depatmantal ASO a Pwofesè Rony Numa.
Majorite manm ASO yo kite reponn prezan nan sòlòkòtò sila, se te jènn fanm ak jèn gason ki pwomèt pou pwan avni depatman an men, sitou pa vwa demokratik, pandan ke yo egzije dirijan yo nan pouvwa a pou kreye yon klima pwopis kap fasilite bon dewoulman eleksyon.
Nap raple, aktivite ASO a te koenside ak jounen 18 novanm nan, yon gwo dat istorik ki make bwavou ak dwa granmoun pèp ayisyen an fas a kolon opwesè yo.






