Trajedi nan Rozo : 2 moun pèdi lavi yo nan yon trelè siman ki chavire

298
0
Share:
TRiboLAND

11/12/2025

Grandans, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo aksidan sikilasyon fèt nan Rozo, ki trouve l nan depatman Grandans lan jounen madi 11 novanm 2025 lan, kote yon trelè chaje siman chavire nan yon koub anlè Rozo; konsa, sa lakoz 2 moun pèdi lavi yo sou plas.

Selon enfòmasyon preliminè yo, trelè a t ap desann yon pant ki difisil nan zòn nan lè chofè a ta pèdi kontwòl machin nan, sa ki ta pral okazyone yon parèy dram.

Temwen yo fè konnen se te yon sèn ki boulvèse tout moun ki te sou plas, sitou akòz gravite aksidan an ak pwa chay trelè a ki te menase yon danje menm pou moun ki tap sikile sou wout la.

Share:

Leave a reply