Lanmo Pè Debwatan: Atis, Animatè ak Aktè Popilè Romelith Jérôme kite sèn nan

372
0
Share:
TRiboLAND

11/11/2025

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Komedyen, aktè teyat ak animatè radyo Romelith Jérôme, alyas Pè Debwatan, mouri jodi madi 11 novanm 2025, apre yon ti malèz ki te frape l sanzatann.

Romelith, ke plizyè jenerasyon te vin apresye atravè pyès teyat komik li yo, te tounen yon figi endispansab nan espas kiltirèl depatman Nòdès lan. Talan li te klere pa sèlman sou sèn, men tou nan medya lokal yo, kote li te anime emisyon Twoubadou Lakay ansanm ak MOPAW sou Radio Wana Vision.

Disparisyon li se yon gwo pèt pou kominote atistik la ak pou tout moun ki te jwenn plezi nan travay li yo. Pè Debwatan kite dèyè yon eritaj kiltirèl ki pral kontinye enspire anpil moun.

Share:

Leave a reply