Club CEPA ap fè koze ak timoun yo sou Zile Latòti!

251
0
Share:
TRiboLAND

11/11/2025

Zile Latòti, Ayiti____(TRiboLAND) Club CEPA ki genyen yon bon bout tant ke lap travay pou eponouyisman timoun yo sou Zile Latòti, patikilyèman Nan Jak, kontinye ap fè zafè nan asire yon avni miyò pou ti lèzanj yo. Malgre fèb mwayen yo fas ak yon seri kontrent: baryè politik ak difikilte asistans piblik, dirijan CEPA yo, mare senti yo nan fè kole pyese nan mitan diferan sitwayen bònn volonte ki kwè nan oryante ou envèsti nan timoun pou yon lòt demen miyò.

Responsab CEPA yo ki dedikase lavi yo pou akomode timoun tout kalite, franchi lòt fontyè aprantisaj ki pa fasil egziste anndan yon sal klas tradisyonèl. Konsa, nan Club CEPA, timoun yo aprann renmen peyi yo, aprann devlope tolerans pou yon viv ansanm nan mitan lanmou ak respè pou moun e anviwonnman. Yo ekspoze yo nan yon seleksyon metye manyèl, ki pèmèt yo genyen yon konpetans abilite menm avan ke yo vinn gran.

CEPA rete kwè ke chak timoun genyen pwòp talan pa li. Kidonk, òganizasyon an batay anpil pou chak aprenan jwen chans pou li renmen fè sa li kapab fè pandan li tou piti.

CEPA pran nesans depi jiyè 2017 sou Zile Latòti; se yon pwojè ki toujou ap trebiche fas ak yon seri difikilte ki limite ekspansyon operasyonèl li pandan ke lap reve pou pote sèvis yo bay plis timoun toujou sou zile la.

Si w vle ede, kontakte: caravhaiti@gmail.com
📞 WhatsApp: 37 33 49 23
📱 Apèl dirèk: 55 47 72 76

kredi foto : Dawens

Share:

Leave a reply