SOS : Ki sa CSPJ ap tann pou dilijante yon ankèt serye sou yon lejyon mafya ki mete Lajistis ajenou nan Nòdwès peyi a?

250
0
Share:
TRiboLAND

11/09/2025

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Kri detrès ak endinyasyon lakay majorite sitwayen yo nan Nòdwès peyi a, pa sispann lanse nan zorèy otorite konpetan yo depi yon bon bout tan. Jij, avoka, komisè gouvènman, delege, majistra, notè, polisye, apantè, ansyè senatè ak depite, e menm grefye pa sispann mete “Lajistis” ajenou nan sa ki genyen pou wè avèk deposede sitwayen yo de tout sa yo genyen kòm byen tankou tè avèk rezidans. Alòske, viktim yo pa genyen oken rekou ou mwayen pou defann e revandike dwa yo fas ak yon lejyon mafya ki konpoze aparèy jistis la nan Nòdwès peyia.

Sitwayen yo ki ap afekte chak jou ki jou, ap mande jis kilè depatman an, ap kapab jwen yon souf anba kolònn mafya ki pi danjre ke gang kap opere Ti Bwadòm ak nan diferan kwen nan peyi Dayiti. Pou yo menm, antite sangwen ki disparèt “Lajistis” la nan Nòdwès peyi a, pwofite vilnerabilite otorite federal yo, pou yo ofisyalize imoralite, vòl, vyòl, piyaj, ak banditism jisdisyè nan yon depatman ki deja apovwi e oubliye. Anpil moun ap mande, ki kote lonbwaj leta pase; kòman yon seri mafya arive avèk konplisite yon seri jij ou dwayen elatriye arive akapare yon seri byen malere nan jwèt pike kole ak jijman krizokal fo mamit e pwograme?

Absans leta nan mitan gro zak kriminèl sila yo, okazyone anpil sitwayen oblije pran wout malefik pou vanje sa yo ki fè dap piyanp sou byen yo nan kòt mal taye. Se vre genyen nan yo ke pwatik sipèstisyon sila arive voye kay bawon; sepandan, kò malfektè a tèlman antòtye avèk enplikasyon yon chèn vòlè, li difisil pou yo elimine yo mistikman youn apre lòt. “Youn kouvwi pou lòt devan pòt reselè ak konplisite.”

Konsa, apèl detrès pou CSPJ antame yon ankèt sou kantite kolònn eskanmòte sa yo ki toupwisan anba kouvèti lajistis, pat sispan klewonnen nan fèy zòrèy otorite konpetan ki konnen ki sa “Lajistis” reprezante nan yon nasyon; e ki danje ki pi rèd ke gang ou teworis, lè se moun ki responsab pou bay jistis kap delivre enjistis atravè yon seri zak kriminèl.

Jis kilè CSPJ ap fasilite Lajistis repran nesans nan Nòdwès peyia; jous ki lè espwa ap kapab boujonnen lakay viktim yo ki pèdi tout sa yo te posede? Jis kilè responsab Leta peyi a, ap deside pou demantle yon parèy rezo mafya atravè yon ankèt serye ki pou dekoule sou reparasyon ou reposesyon byen ak tè malere sa yo ke mafya toupwisan ki genyen aparèy jistis la anba grif yo depi plizyè deseni.

Share:

Leave a reply