Gouvènman an lanse gwo fòmasyon pou ranfòse pati politik yo nan Nòdwès

319
0
Share:
TRiboLAND

11/09/2025

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Gouvènman an, atravè yon inisyativ ki antre nan kad ranfòsman kapasite aktè politik yo, òganize yon seyans fòmasyon samdi 8 novanm 2025 la nan vil Pòdpe, lokal Randevou. Aktivite sa a te dewoule sou lobedyans sosyològ Cius Delson, yon pwofesyonèl ki abitye ak kesyon dinamik politik ak devlopman òganizasyonèl.

Nan entèvansyon li, Cius Delson mete aksan sou nesesite pou pati politik yo travay seryezman sou twa pilye fondamantal: fòmasyon, ideyoloji, ak vizyon. Selon li, se eleman sa yo ki pèmèt yon pati konstwi kredibilite, oryante militan yo, epi devlope yon estrikti solid ki kapab rive pwopoze altènativ reyèl pou dirije peyi a.

Sosyològ la demanti tou ide ke “politik pa gen moral”. Daprè li, responsab pati yo ak aktè politik yo dwe angaje yo pou mete etik ak deyontoloji nan sant aktivite yo. Li souliye enpòtans pou militan yo pratike respè, entegrite, ak bon kondwit, ki se valè endispansab nan konstriksyon yon espas politik serye.

Plizyè reprezantan divès pati te prezan, tankou EDE, Konpòs Ayiti, MOSANOH, Pitit Dessalines, pou n site sa yo sèlman. Patisipan yo pat kache satisfaksyon yo pou yon fòmasyon yo konsidere kòm itil e nesesè pou avni politik Nòdwès la ak peyi a an jeneral. Yo salye inisyativ la epi mande pou se pa yon aktivite izole, men yon pwosesis ki dwe kontinye pou amelyore kalite leadership ak estrikti pati yo.

Seyans lan fini nan yon klima refleksyon ak angajman, kote plizyè patisipan yo renouvle volonte yo pou aplike konesans yo nan espas politik yo reprezante a, pou yon demokrasi ki pi solid ak plis responsab.

Share:

Leave a reply