Moun nan Bwa Wouj enskri yon endividi nan pwogram “Bwa Kale” a aprè sispisyon vòl pòt

414
0
Share:
TRiboLAND

11/07/2025

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan zòn Bwa Wouj, yon zòn ki sitiye ant Obè ak Labèl plas nan komin Pòdpe, yon endividi pèdi lavi li nan sikonstans vyolan aprè popilasyon an te sispèk li nan vòl plizyè pòt.

Daprè temwayaj moun ki te sou plas, endividi a te parèt ak kat (4) pòt, sa ki te leve anpil dout nan mitan abitan yo. Lè yo te mande’l eksplikasyon sou orijin pòt yo ak destinasyon li, li pa t rive bay okenn repons klè. Se lè sa kèk nan moun yo ta kòmanse bouske l pou jwenn verite a.

Toujou selon temwen, aprè yon premye kout manchèt yo ta pase’l, endividi a ta fini admèt li sot pran pòt yo ansanm ak twa lòt konplis, ki yo menm te gentan sove kite’l pou kont li. Sitiyasyon an ta vin pran yon lòt dimansyon lè popilasyon an, fache, ta fè bwa kale sou li, aprè yo finalman mete dife sou kò li, ki te deja san lavi.

Abitan nan zòn Bwa Wouj pa sispann lanse apèl bay otorite yo pou mete plis sekirite nan lokalite a, sitou nan lè moun retounen soti nan mache oswa nan maten bonè lè li fè lanjelis ak devanjou. Yo deklare gen plizyè endividi ki souvan ap atake, vòlè, oswa fè zak malonèt san okenn kontwòl.

Pou kounya, okenn kominikasyon ofisyèl poko soti bò kote otorite lokal yo sou ensidan sa a, ni sou yon ankèt ki ta dwe ouvri pou klere sou zak sa ki anplifye ensekirite nan rejyon an.

Share:

Leave a reply