Ouragan MELISSA : otorite yo nan pwoteksyon sivil drese bilan pou Depatman Nòdwès la

11/05/2025
Nòdwès, Ayiti _____(TRiboLAND) Pandan pasaj ouragan Melissa, ki fwape divès zòn nan peyi Dayiti pami yo Nòdwès, otorite yo drese yon bilan dega ouragan MELISSA fè nan dat 28 ak 29 oktòb 2025.
Daprè Direksyon Depatmantal Pwoteksyon Sivil Nòdwès la, malgre alèt la te leve, plizyè epizòd lapli ak van kontinye frape depatman a, sòti 1è pou rive jounen lendi 3 novanm lan, sa ki ogmante enkyetid nan mitan popilasyon an.
Ouragan an lakòz gwo pèt nan sèktè agrikilti a, elvaj, lapèch, lekòl ak lojman nan plizyè komin. Yon evalyasyon detaye ki fèt pou mezire tout pèt yo.
Domaj jeneral ak pèt imanitè yo bay:
91 moun refijye nan abri pwovizwa ki nan lekòl Sainte Maria Goretti nan Baie de Henne, nan kantite sa a, gen 30 fanm, 21 gason, 36 timoun ak 4 fanm andikape.
Yon tifi 10 zan blese gravman grav nan Meyans (Anse à Foleur) aprè yon pyebwa te tonbe sou li; yo te transpòte li nan lopital Bono.
Plizyè lekòl andomaje, tankou : Lekòl nasyonal nan Des Sources (Jan-Rabèl), lekòl EFACAP Bono (Senlwidinò), lekòl EFA nan Bwadò (Jan-Rabel), lekòl nasyonal Oplèn (domaje), lekòl nasyonal Cadye (Mòl Sennikola) ak 2 vwalye ki detwi nèt nan Bedeènn.
Sezon siklonik lan poko fini, otorite yo mande tout moun kontinye rete swiv alèt yo, yon fason pou diminye danje yo. Pandan yap tanmen demach nesesè pou pote asistans posib.






