San ap koule nan Senlwidinò, sangwen ame touye Roland nan zòn Zabriko

329
0
Share:
TRiboLAND

11/05/2025

Senlwidinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Lannuit mèkredi 5 novanm 2025 la, komin Senlwidinò tranble anba yon nouvo zak vyolans. Yon sitwayen yo konnen sou non Roland pèdi lavi li anba kout bal yon gwoup nèg ak zam nan zòn Zabriko, nan anviwon 6è di swa.

Daprè enfòmasyon TRiboLAND arive jwen nan kominote a, viktim nan te abitye vann ak madanm li toupre yon ti mache lokal nan seksyon Moris sou Zabriko, lè malfwa yo te debake epi ouvè kout bal san avètisman. Roland te resevwa plizyè bal sou li, epi li te mouri sou plas. Asayan yo, ki poko idantifye, te pran kouri san pèsonn pa rive rekonèt yo.

Popilasyon an nan gwo chòk aprè trajedi sila, sitou zak kriminèl yo ap deteryore nan Senlwidinò kap viv anba yon tansyon ensekirite k ap ogmante chak jou ki jou. Sitwayen yo di yo bouke viv nan laperèz pandan otorite lokal ak polis nasyonal la sanble pa gen oken estrateji klè pou konbat fenomèn gang ou banditism la.

Nap raple, nan semèn ki sot pase a, menm Roland sa a te deja sibi yon atak lakay li nan zòn Fon Rivyè Ba. Gwoup endividi yo te rantre lakay li, piye tout sa yo jwenn, epi te blese youn nan pitit li anba bal. Malgre blesi grav li te resevwa, pitit la te sove lavi l.

Jodi a, lanmò Roland lan mete yon lòt fwa ankò Senlwidinò nan lapenn ak kòlè, pandan popilasyon an ap mande bon jan mezi sekirite ak plis prezans fòs lòd nan tout zòn riral yo, pou evite lòt san pa koule ankò.

Share:

Leave a reply