MOGECA mande tout fòs viv nasyon an pou yon mache kontre nan kad yon antant sou yon NOUVÈL AKÒ POLITIK avan 7 Fevriye 2026

269
0
Share:
TRiboLAND

MOGECA
*Mouvement des Générations Capables.*
*NÒT POU LAPRÈS*

Nan kalfou difisil Peyi Dayiti rive la, Pèp Ayisyen an ap monte yon maswife pa do, plis pase 5 milyon moun pa kapab manje, plis pase 1,5 Milyon moun ap viv anba tant nan kouri kite zòn ak lakay yo pou sove lavi yo, akòz ogmantasyon nivo ensekitite a nan Peyi a, deplase entèn yo ap viv nan yon sitiyasyon dezimanizant ak enfra-imèn nan kan yo.

*Sòti depi Asasina Prezidan Jovenel Moise nan tèt Peyi a 7 Jiyè 2021 pou rive jounen jodia, Peyi Dayiti tonbe nan yon enstabilite Politik san parèy; Peyi Dayiti ap konnen yon ouragan politik avèk akouchman Tranzisyon Akò 3 Avril lan ki bay Peyi a yon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) kap betize, gagote, piye trezò piblik lan, eskandal sou eskandal, se yon KPT ki karakterize pa movèz gouvènans ak zouti kòripsyon. Plis pase 18 mwa aprè, popilasyon an nan ensètitid ak dezespwa total pou yon demen miyò, moun kontinye ap mouri, kouri monte desann san destinasyon, zòn kontinye ap livre nan peyi a.*

Nèf (9) Prezidan sila yo, pa rive mete sekirite nan peyi a, yo pa rive pase men nan konstitisyon an, yo pap rive fè eleksyon jeneral fen ane 2025 lan, pandan nap rive a gran pa nan 7 Fevriye 2026 kap make fen manda KPT sila ki nan tèt Peyi a; se yon echèk total ak lawont pou KPT a ki se rezilta klas Politik lan, yon desepsyon san parèy pou peyi a, manb KPT sila yo ki se reprezantan yon ansanm sektè kle nan Peyi a, pa rive delivre anyen nan misyon yo. Gro manèv KPT a fè nan peyi a, se renouvle Eta Dijans chak mwa pou fasilite yo gen aksè pi fasil ak Lajan trezò piblik lan.
Lè a rive pou sak pou fèt lan fèt, nèg politisyen tout sektè isit monte ak desann nan pouvwa Tranzisyon san rezilta, kote otorite Leta absan; kote peyi a ap degrenngole plonje san kanpe nan enstabilite politik, sosyal ak ekonomik.

*Se sak fè MOGECA ap lanse yon apèl an ijans, prese, prese, pou gen yon mache kontre yon lòt fwa ankò ant tout sektè, Aktè fòs viv konpozant Nasyon an, san eksklizyon. Nan dimansyon pouriti kriz lan prezante lan, pa gen tan pou-n pèdi, si nou pa konsanti fè sakrifis ak depasman pou nou jwenn yon antant sou yon NOUVÈL AKÒ POLITIK avan 7 Fevriye 2026; anpil sektè fè propozisyon deja kòman poun sòti nan kriz la, nesesite pou gen chita pale ansanm; kriz nou gen la riske vin pi grav aprè 7 Fevriye e menm depase nou kòm aktè politik nan peyi a.*

MOGECA konsyan e nou pa ignyore prezans kominote entenasyonal lan nan Peyi an, sa ki tradwi Okipasyon peyi Dayiti depi dènyè rezolisyon Konsèy Sekirite a sou Ayiti.

Nan moman kritik, esepsyonèl Peyi Dayiti retrouve li la, se yon koud a koud san eksklizyon ki pou fè nou sòti nan kriz ki la; se Ayisyen ak Ayisyen ki pou rezoud kriz Peyi Dayiti.

*Pèp Ayisyen, nou pa dwe kontinye pran nan divèsyon, ni manipilasyon ak distraksyon politisyen kap gagote nan pouvwa; zye nou dwe louvri byen gran sou demen Peyi Dayiti. Nou dwe batay pou-n retabli sekirite nan Peyi a. Nou dwe kontinye batay pou-n retabli lòd demokratik ak konstitisyonèl nan peyi a, nan travay pou-n kreye kondisyon sekiritè pou gen eleksyon lib, onèt, demokratik, kredib ak transparan nan tout peyi a, pou-n kapab mete Dirijan Legal, lejitim nan tout pouvwa yo pou Dirije peyi a; sa MOGECA mande fòk nou mete fen yon fwa ak eskalad tranzisyon sou tranzisyon gagotaj ak demogoji politik nan peyi a, nou bezwen eleksyon nan peyi a pou-n tounen nan retablisman lòd demokratik ak konstitisyonèl yo, pou sa rive fèt fòk gen sekirite nan tout peyi a.*

Se nan lapè ak sekirite nan tout peyi a eleksyon ka posib, pou popilasyon an ka chwazi Lidè li vle ki pou dirije li, lib e libè ; pou nou ka rive debouche sou lapè ak estabilite nan Peyi Dayiti !
*Viv Peyi Dayiti ! Viv Lapolis ak Lame Dayiti !*
*Aba Leta san otorite, Aba lokipasyon, Aba eleksyon pike kole !*

*Biwo Politik MOGECA !*
*Johnny MÉSILUS, Coordonnateur National.*
*E-mail : mogecahaiti@gmail.com*
*05 Novanm 2025*

Share:

Leave a reply