Lèzanglè : Yon mekanisyen pèdi lavi l pandan l t ap ranje yon kamyon

256
0
Share:
TRiboLAND

11/01/2025

Lèzanglè, Ayiti _____(TRiboLAND) Tristès anvayi komin Lèzanglè aprè lanmò mekanisyen Bòs Wosebel Louis, anpil moun te konn rele Roro, ki pèdi lavi l nan sikonstans trajik.

Daprè enfòmasyon ki soti bò kote plizyè temwen, Bòs Roro t ap travay sou yon kamyon sis wou nan Ri di Kè, lè yon blòk resò ki te gen anviwon 10 bout fè te glise epi tonbe dwat sou tèt li. Kout chòk la te grav anpil e li te mouri sou plas, daprè sa moun ki te la yo rapòte.

Kominote a di yo pèdi yon gwo travayè, yon mekanisyen ki te toujou dispoze ede lòt moun ak kè kontan.

Share:

Leave a reply