Pwofesè Auguste Demeza, mande jèn yo nan Grandans pou angaje nan batay pou chanje kondisyon lavi yo.

347
0
Share:
TRiboLAND

10 – 22 – 2025

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Pwofesè Auguste Demeza, ki tap patisipe nan yon bwase lide ak jèn yo nan komin Jeremi, sou kesyon angajman sitwayen pou yon lòt Ayiti, mande jenès ayisyèn lan, pou angaje yo nan tout aktivite ki vize yon chanjeman entegral pou yon Ayiti pi jis ak egalitè.

Daprè Pwofesè Auguste Demeza, fok jèn yo bay tèt yo pwensip ak disiplin e rekonèt yo se avni peyi a; fòk yo mete yo nan dimansyon sitwayen ou sitwayèn ki reve yon Ayiti demen miyò , kote ke yap anvi viv nan peyi yo, menm jan ak lòt nasyon nan mond lan, fè prèv lanmou patriyotik kòm pèp.

Sete okazyon pou pwofesè Demeza, ekzòte dirijan yo nan leta a kou gouvènman an, peyi zanmi Ayiti yo bay chans ak jèn yo, pandan ke yap envesti nan pwojè sosyal ak devlopman dirab, tankou fòmasyon pwofésyonèl, pwodiksyon endistriyalize yon fason pou jenès ayisyèn lan vinn rezilyan e jwenn souverènte yo sou tout fòm. ‎

Share:

Leave a reply