Bandi sangwen “Viv Ansanm” krible anba bal yon ansenyan san oken jistifikasyon

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon anseyan ki rele Maurice Dupuy, papa twa pitit, pèdi lavi li anba bal manm gwoup gang “Viv Ansanm”, daprè enfòmasyon plizyè temwen konfime.
Evènman an ta rive nan Ri Nicolas, nan Pòtopwens pandan viktim nan tap vwayaje nan yon bis piblik. Daprè sa temwen yo rakonte, gang yo te kanpe bis la pou ransone pasaje yo. Pandan sèn nan, pwofesè a ta deklare : “Yon jou sa gen pou l fini.”
Deklarasyon sa a ta sifi pou pwovoke kòlè de nan bandi yo, ki ta fè l desann bis la anvan yo tire sou li san pitye.
Apre de jou san nouvèl, fanmiy Dupuy te jwenn konfimasyon samdi 11 oktòb 2025 ke yo te asasinen li. Selon manm fanmiy an, Maurice Dupuy te yon moun trankil, devwe nan travay li, e se li menm sèlman ki t ap soutni madanm li ak twa pitit yo. Lanmò li kite fanmiy an nan gwo tristès ak dezolasyon.
Sitiyasyon ensekirite a kontinye mete gro laperèz sou popilasyon an, espesyalman nan kapital la kote gang ame ap miltipliye zak vyolans yo chak jou ki jou avèk konplisite dirijan sansal kap ekstèmine popilasyon ayisyèn nan.






