Mouvman pou mande revokasyon majistra Mowon ak Mafran an kontinye ap pran jarèt.

297
0
Share:
TRiboLAND

Mafran , Ayiti (TRiboLAND) Nan Komin Mafran ak Mowon ap viv yon sitiyasyon ki trè kritik, akòz soulèvman bokote manm popilasyon an kap reklame revokasyon ou byen demisyon ajan ekzekitif enterimè komin Mafran an, Adam Dapré ak Getro Noël Saint.

Pwotestatè yo pa sispann fè kolòn pou denonse otorite minisipal yo kap maljere komin Mafran ak Mowon. Yo akize yo dèske yo ap pyafe nan malvèsasyon daprè temwanyaj sitwayen yo, ki deklare ke yo bouke viv tròp enkonpetans ak deriv ki pa fè onè komin yo.

Pou maten bonè jedi 25 septanm 2025 lan, abitan zonn sas yo, kise Mowon ak Mafran drese barikad sou wout yo jis pou anpeche lib sikilasyon moto, machinn e menm pyeton yo ki te genyen pou pwal nan mache piblik komin Chanbelan.

Share:

Leave a reply