Yon nouvo Direktè Depatmantal Polis enstale nan Nòdwès

506
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Enspektè Divizyonè Fred Joseph pran fonksyon kòm nouvo Direktè Depatmantal Polis Nòdwès la, nan yon seremoni ofisyèl ki te fèt samdi 6 septanm 2025, nan Pòdpè. Li ranplase Clevens Cetoute, ki transfere nan Direksyon Santral Polis Administratif (DCPA).

Se Enspektè Jeneral Moïse ki te dirije seremoni an, an prezans plizyè otorite sivil ak polis nan depatman an.

Nan premye deklarasyon li kòm nouvo DDPNO, Fred Joseph deklare li “detèmine pou kontinye nan menm liy travay ansyen direktè a te angaje a, nan objektif pou garanti lapè ak sekirite nan depatman an.”

Bò kote pa li, ansyen direktè a, Clevens Cetoute, remèsye popilasyon an ak tout ajan PNH ki te soutni-l pandan manda li. Li raple relasyon polis/popilasyon an se youn nan gwo rezilta travay li nan Nòdwès.

Nan popilasyon an, plizyè moun eksprime desepsyon yo fas ak transfè Clevens Cetoute la, akoz dinamis ak efò li te mete nan tèt kòmandman an. Yo swete nouvo direktè a, Fred Joseph, va reponn ak menm atant yo e kontinye ranfòse klima sekirite a nan depatman Nòdwès peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply