Ki sa ki anpeche yon seri lòt vil fè menm jan ak vil Okay nan rele koukouwouj dèyè fatra?

239

12/23/20

Nan fouye zo nan kalalou, TriboLAND jwen anpil rezon majè chita plis nan konpòtman popilasyon kayèn nan :

  • Popilasyon Okay la pa mete nenpòt ki moun avèk zero konpetans nan devlopman municipal.
  • Okay sousye pou fasad touristik yo; yo proteje e respekte achitekti ak espas piblik ke yo deja genyen.
  • Yo pa elimine plaj lakay yo, ni yo pa vann byen piblik moso pa moso.
  • Moun ke yo eli yo, toujou genyen vil ke yo ap sèvi a nan kè yo.
  • Yo devlope sousi ak fyète pou bote ou payisaj lakay yo.
  • Yo valorize resous ou materyèl leta ke yo genyen nan kàd swivi ak kontinwite.
  • Yo valorize kolektivite nan plas endividyalite.
  • Yo chwazi pa fè politik ak fatra sal pou pa mete sante aladriv.
  • Yo rekonèt vizaj municipal la, reprezante visaj tout moun Okay.
  • Yo pa kite nenpòt ki azipopo tèt mato ap kreye dezòd munisipalite lakay yo.
  • Menm jan ak Jakmèl, yo pran kontròl mezi drastik kont moun kap fè fatra nan vil la.
  • Munisipalite Okay la fè alèji ak fatra e popilasyon an konnen ke jete ou fè fatra sou trotwa ak nan diferan espas piblik pa negosyàb.
  • Yo sansib pou prezèvasyon edifies biblik yo.
  • Tankou nan plizyè lòt vil, yo vote moun ki trè estetik e ki renmen pròpte.
  • Yo pa pratike debwazman.
  • Yo plase moun ki konpetan ase ki konnen ròl yon munisipalite.
  • Yo mete moun ki konpetan ase ki pat mande gouvènman bourèt ak ti pèl; men plizyè gro baskil ou ekipman valab pou enfrastrikti sanitè, izolasyon ak amenajman dechè.
  • Yo pap vote moun kap soulwe ti espas piblik bay machan ki pral fasilite fatra, ghetto, ak ti bak kenkay devan yon Katedràl.
  • Yo vote moun ki rekonèt valè ou prezèvasyon chan avyasyon lakay yo.
  • Yo vote moun ki vèse nan enfrastrikti ekolojik ou environmental; e yo konnen ki sa pou yo mande leta federal.
  • Yo reseptif a yon diaspora ki fò e ki pap pale mete la ou byen fè buzz pandan lakay yo chanpyon nan salte.
  • Aprè siklònn Mathrew, efò ak sousi pou leve eskanp figi lakay yo, detèminasyon pou te retounen sou 2 pye militè yo, se te yon bagay ki te louab nan depatman Sid la. Li pat pran anpil tan pou moun te kòmanse reviv bèl vèdi ou bote natirèl ak frechè sidès ki te konplètman disparèt.

Comments are closed.