Bawo Lòd Avoka yo nan Pòtopwens voye yon penga teke fwen bay gouvènman an kont avan pwojè Konstitisyon an

386
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon nòt papye tenbre li mete deyò jounen samdì 30 dawou 2025 lan, Bawo Lòd Avoka yo nan Pòtopwens voye yon penga bay gouvènman an kont tout adopsyon avan pwojè tèt chat Konstitisyon an.

Daprè sa komisyon Bawo a ta fè konnen, inisyativ avan pwojè a pa lòt bagay sinon se yon veritab jwèt mèt dam konstitisyonèl. Konsa, Bawo a ale pi lwen pou li lonje dwèt jouda sou komite pilotaj la ki pa genyen konpetans ak lejitimite adekwàt pou reyalize yon parèy Manman Lwa.

Komisyon Bawo a, rabat pou li di ke se yon dokiman tèt chat ki chaje ak gòl amen e deriv jiridik. Yo estime ke dokiman an pa danse kole ak espri Konstitisyon 1987 la; e li fòmèlman enposib pou ta genyen yon evantyèl referandòm pou yo parèy tèks.

Share:

Leave a reply