Yon dimanch nwà nan Gwo Mònn: Kokorat San Ras kidnape, blese e touye plizyè sitwayen pezib

744
0
Share:
TRiboLAND

Gwo Mònn, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou lanse yon defi bay nouvo komisè divizyonè PNH la nan Latibonit, group teworis Kokorat San Rat montre Jacques Ader, ke yo pap pran nan defi ak entimidasyon. Antouka, jodi dimanch 24 dawou 2025 lan, se rèl kay makorèl nan komin Gwo Mònn.

Yon group sangwen teworis ki fè pati group gang Kokorat San Ras, anvayi komin Gwo Mònn vè 2 zè apremidi ak yon kout van laterè. Malfwa sa yo ki te ame jous nan dan, mete lokalite anba gro panik leve kouri. Yo tire nan nenpòt direksyon, patikilyèman sou yon seri sitwayen ki te chita pèzibleman anba galri lakay yo.

Yon korespondan TriboLAND ki nan Wo Plato a, ta fè konnen ke yo ta kidnape yon antreprenè byen koni nan zòn nan ki pote non Wedner Gédéon. Gwo detonasyon kout bal nan direksyon plizyè sivil te fè objè de yon tèrè san presedan. Yon latriye sitwayen pèzib tap benyen nan san yo nan lari, alòske bandi yo fè masak la san oken ekzitasyon, tou pre yon sant ki pat lwen komisarya Gro Mòn nan ki pa ofri oken ripòs ou rezistans.

Nap raple, se pa jodi a sèlman, popilasyon Gro Mònn nan ap pran lanm anba sansal teworis ki pa janm reyèlman jwenn yon replik miskle e mòtèl. Tankou anpil moun obsève, lage popilasyon inonsan an anba men gang yo, antre nan kad konplisite gang ki sou pouvwa a pou genbe sosyete ayisyèn nan, nan yon agoni pèmanan.

Li enpòtan pou ajoute, ke komin Gro Mònn se chwàl group teworis yo, yo moute li nenpòt ki lè yo vle anba boul je enspektè polis enkonpetan an, Levelt, ki pa fè lòt bagay sinon ke vale tafya chak jou ki jou nan tout kwen salte.

Share:

Leave a reply