Ofouno Selebre Jounen Entènasyonal Mangwòv ak yon latriye lòt aktivite angaje

Ofouno, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan kad selebrasyon Jounen Entènasyonal Mangwòv ki selebre nan Nòdwès peyi Dayiti chak 26 jiyè, òganizasyon kap jere mangwòv Ofouno a mete sou pye yon pakèt aktivite pou sansibilize epi angaje kominote a sou enpòtans mangwòv yo.
Jounen an te louvri ak yon gwo operasyon asenisman ki te fèt yè vandredi 25 jiyè a, kote plizyè manm kominote a te mete men pou netwaye zòn mangwòv la. Objektif la se te retire fatra ak eleman ki pa an amoni ak lanati pou bay mangwòv yo yon anviwònman ki pi pwòp e pi favorab pou devlope.
Jodi samdi a, 26 jiyè, òganizasyon an kontinye ak aksyon li yo avèk plantasyon 5000 plantil patikilyèman nan espas kote mangwòv yo fin mouri oswa kote yo te sibi zak destriktif akoz movèz fwa divès moun nan kominote a. Aksyon sa a vize redone lavi ak balans ekosistèm lan nan zòn lan.
Plizyè vizitè te deplase pou vin dekouvri mangwòv la; yo te aprann sou wòl li jwe nan pwoteksyon zonn kotyè, nan pwodiksyon pwason, epi nan konbat chanjman klimatik. Aktivite yo ap klotire demen dimanch 27 jiyè ak yon bal kiltirèl pou kontinye mete limyè sou angajman kominote a nan defans anviwònman an.
Òganizasyon an lanse yon apèl bay tout sitwayen pou yo kontinye enplike nan efò pou sove mangwòv yo. Yo mete aksan sou nesesite pou sispann koupe ak detwi mangwòv la, paske se yon resous esansyèl pou kominote a ak pou tout anviwonman an.






