Nouvo chanjman nan inite Palè Nasyonal yo

783

07/12/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Apwè ke yo mete 21 polisye ki te responsabilize sekirite pwezidan Jovenel Moise nan moman asasinay li anba yon seri mezi konsèvatwà ak zàm yo kit e konfiske, genyen nouvo san frèch ki konte plase nan tèt inite yo nan Palè Nasyonal.

Dapwè enfòmasyon kap sikile nan koulis, USGPN pwàl genyen nan tèt li Ciceron Cedernier, Peguy Toussaint pwàl pran tèt USP, Georges Emmanuel pwàl responsabilize kowòdinasyon sekirite pwezidansyèl e Luc Joseph ap nan tèt CAT Team.

Sepandan, akote vag chanjman sa yo, anpil kritik rete kwè yon seri antite tankou, Pwemye Minis a.i. a ki kontinye ap anbarase peyi plis toujou ak yon konpotman odasye ak anfantiyaj, minis enteryè, minis Lajistis, Chèf lapolis la, responsab sekirite Palè nasyonal la, minis defans e latriye; yo tout ta dwe revoke e pase anba envèstigasyon nan kàd asasinay pwezidan defakto Jovenel Moise anndan lakay li mèkredi 7 jwiyè 2021.

Comments are closed.