De moun asasinen nan komin Senlwi Dinò: Popilasyon an rele anmwey kont zak teworis yo kap reparèt ankò

375
0
Share:
TRiboLAND

Senlwi Dinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Popilasyon Senlwi Dinò a leve jwenn jounen lendi 21 jiyè 2025 lan, 2 kò san vi nan 2 zòn diferan nan komin nan. Julien Derisnord, yon ajan polis minisipal mouri nan zòn Ti Rivyè, ak Joanès Désir, yon jèn gason ki t ap soti nan yon Kwazad sou plas Senlwi Dinò a, asasinen sou chemen Fatima pou rive Degranj.

Daprè sa plizyè rezidan temwanye bay TRiboLAND.com, yo sispèk se gang Ti Rach la ki ta dèyè zak sasinay sa yo. Gwoup sa a deja gen move repitasyon nan zòn nan pou atak, vòl ak zak vyolans yo abitye fè kont moun nan popilasyon an.

Jiska prezan, otorite lokal yo poko bay okenn deklarasyon ofisyèl sou sa ki pase a. Popilasyon an kap viv nan gwo laperèz akoz zak teworis yok ap refè sifas, mande pou lapolis ak otorite yo pran responsablite yo. “Nou pa ka kontinye viv konsa nan komin lan”, daprè plizyè sitwayen ki te ankolè.

Share:

Leave a reply