Grandans : Prezidan asosyasyon moun andikape yo fè eta vyolasyon dwa sektè sila ke sosyete a pa respekte

Grandans, Ayiti_____(TRiboLAND) Kòdonatè depatmantal moun andikape yo nan Grandans, Ricot Luma denonse fòm vyolans ke popilasyon espesyàl sila ap sibi nan sosyete a preske chak jou ki jou. Mesye Luma te mete anfaz sou yon ansanm deriv ki genyen anpil pou wè avèk , aksè pou jwenn swen sante ak lajistis, sitou aprè yo finn viktim zak agresyon , seksyèl e fizik anba men bouwo yo.
Daprè kòdonatè depatmantal lan, pa twò lontan sa, yon manm òganizasyon an sibi bastonad anba men yon agrsè; non sèlman ki boule chèz woulan li, men tou viktim lan resevwa anpil pataswèl kite mete – l nan kondisyon pou al pwan swen lopital ak chimen lajistis. Aksè pou viktim nan te jwen swen medikal, pat egziste; lopital Sentantwann Jeremi pat genyen pèsònn moun ki te prezan nan pèsonèl sante a pou priz anchaj yo, daprè kòdonatè Luma ki pa ta ekate menm kad figi a pou lajistis egalman.
Kòdonatè depatmantal moun andikape yo nan Grandans, Ricot Luma mande Leta a ousèktè dwa moun pou voye je gade moun andikape yo nan Grandans peyia pandan jou sa yo. Li estime ke popilasyon sila pa konnen ki sen pou yo adrese fas ak zak vyolans kap fè raj lajounen kou lannwit, anba men atoufè, bandi san fwa ni lwa.






