Direksyon depatmantal Pwoteksyon Sivil Nòdwès la, konte fè distribisyon materyèl pandan peryòd siklonik lan.

442
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND Atravè yon nòt direksyon depatmantal Pwoteksyon Sivil mete deyò e k ap sikile sou rezo sosyal yo e ki pote siyati responsab la, msye Ifrène Frantz Monfort, pral gen materyèl tankou: bourèt, pèl, bòt, manchèt, pikwa….pou site sa yo sèlman, ki pral distribye pandan weekend lan.

Distribisyon ansanm materyèl sila yo pral distribye bay tout kowòdonatè teknik Pwoteksyon Sivil yo nan komin ak nan seksyon kominal yo.Toujou selon menm nòt la, materyèl sa yo pral distribye anprezans majistra, kasèk ak asèk yo pou pèmèt ajan Pwoteksyon Sivil yo fè fas kare pandan e menm aprè sezon siklònik lan.

Nòt la kontinye pou li di, tout zòn nan Metwopòl Nòdwès la ki vilnerab ap gen pou resevwa materyèl tou nan kad gwo kanpay sansibilizasyon yon fason pou rive limite dega yo si tout fwa yon depatman an ta fè fas ak katastwòf natirèl pandan ane a.

Nap raple, jefò sila yo, antre nan kad prevansyon ak preparasyon avan e pandan peryòd siklonik la.

Share:

Leave a reply