Fas ak sitiyasyon engouvènabilite peyi a, Me Maxo Noël mande pou popilasyon an leve kanpe.

470
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) “Yon Leta ki pa konn sa pèp li viv, ki kite pèp li al pran imilaysyon nan lòt peyi e ki fèmen je’l sou mizèrere ak soufrans li, pa genyen plas li nan figi moun”, se deklarasyon Me Maxo Noël, manm yon mouvman nan Pòdpè, ki pote non “Toutouni”.

Pou Me Maxo, li vrèman enposib pou yon pèp nan prizon nan pwòp peyi li : Tibwadóm, Matisan, Mibalè ,Pòtoprens, Gonayiv, Senmak,…… yo tout apante ak bandi sangwen, alòske Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon mete plon nan zòrèy li pou l pa tande kri yon popilasyon ki alagoni. Se yon peyi ki p ap dirije!

Lavi chè, mizè, grangou mete sou yon enskirite ki pran tout moun an notaj. Devan tout konsta sa yo, Leta vin enpuisan douvan bandi kravat ak sapat yo, ki se sèl kòk chante. Me Maxo Noël ankouraje pèp souvren pou leve kanpe pou defann dwa li e mete tout dirijan krizokal nan wòl yo. “Libète, se pran ou pran sa”, daprè Me Maxo ki tap depoze.

Share:

Leave a reply