Mòn Demelis anba menas: Konstriksyon anachik mete vil Pòdpè ak anviwònman li an danje

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Mòn Demelis, ki chita sou wotè vil Pòdpè, bay anpil lawouli ak gwo kè sote akoz mouvman konstriksyon anachik ki achte zòn nan lajan kontan. Ansanm deriv sila yo, ke anpil nan otorite yo tolere mete an danje non sèlman lokalite Demelis, men tou popilasyon ki abite anba ren mòn Demelis.
Nan dènye vizit TRiboLAND nan zòn nan, konsta yo te montre anpil ti kay ki konstwi ak materyèl fwajil sou tè glise ki pa genyen nannan; san fondasyon sou yon teren ki pa prepare pou sa. Anpil pye bwa koupe pou bay plas ak konstriksyon. Kidonk, dezòd jeneralize sila yo vinn ogmante risk ewozyon ak glisman tèren. Demelis pa janm abitye ak chay sila!
Malgre danje a klè, pa gen okenn siy espwa ke otorite lokal yo ap entèvni pou mete lòd nan dezòd. “Moun ap konstwi kote yo vle, jan yo vle, e sa fèt anba je tout moun. Anpil fwa yo menm rive jwenn otorizasyon Lamèri kap chèche lajan nan tout vye kondisyon.
“Si Demelis tonbe nan kad katastwòf natirèl, tout vil Pòdpè ap sonbre anba tè,” deklare Pierre Ronald, yon manm nan sosyete sivil la. Li kontinye pou di: “Li pa janm twò ta pou sove sa ki merite rete, men se si sitwayen yo pran konsyans epi otorite yo asime responsablite yo.” Antouka, malè avèti pa touye kokobe!






