Nan kad pwojè Iba – Ayiti – Espètiz Frans, yon espas sou fòm ekstansyon, inogire nan meri Jeremi an.

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Aprè midi mèkredi 28 me 2025 lan, ak prezans anbasadè Inyon Ewopeyènn lan nan peyi Dayiti, mesye Gâteau Esthephano ki te akonpaye reprezantan espètiz Frans lan, David Bûcheron, prezidant komisyon kominal Jeremi an, Sylmatha Pierre, inogire lokal ki konstwi sou fòm ekstansyon meri Jeremi an.
Konstriksyon sa a, ki fèt lan e ki genyen espas pou mete tout sevis administrasyon kominal Jeremi an tankou: blòk sanitè , sal konferans, enèji pou’ n site sa yo sèlman. Daprè responsab yo, pwojè sila koute san mil dola ameriken.
Pwojè ki realize nan kad ranfòseman gouvènman lokal la ke Inyon Eropeyènn finanse pou leta ayisyen via ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal yo, pou rann kominote yo pi djanm, sitou aprè kastastwòf ki te pase nan Grandans lan, e ki te ravaje enfwastrikti vil Jeremi anmajè pati.






