Kemi Seba ateri jodi mèkredi 28 me 2025 lan tou bouke nan ayewopò Entènasyonal Kap Ayisyen jan sa te anonse

629
0
Share:
TRiboLAND

Kap Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Tankou jan sa te anonse, Kemi Seba, pwisan leader panafrikanism, ki sou dezyèm vizit li nan peyi Dayiti, ateri nan ayewopò Entènasyonal Kap Ayisyen jodi mèkredi 28 me 2025 lan.

Objektif yon parèy aparisyon, antre nan kad yon toune panafrikanism, ke leader bèl longè a ap antrepran nan diferan peyi, pami yo Ayiti kap viv yon siyasyon kawotik jounen jodi a.

Kemi, osito li te rive sou pis ayewopò a, li te benefisye yon akèy mesyanik bò kote yon delegasyon plizyè patizan ak senpatizan mouvman panafrikanism lan ki tap swete li byenveni. Nan ti bat bouch ke li te fè; li esplike, sa kap pase nan moman sa nan peyi Dayiti, genyen anpil pou wè avèk desizyon yon pèp ki refize ajenou devan enperyalis yo. “Haiti paie le prix de son insoumission”, dapwè Kemi. Konsa, aktivis afriken an deklare se ayisyen nèg Afwik yo ki pou batay pou chanje peyi Dayiti. Li rete kwè genyen anpil espwa pou peyi Dayiti.

Kemi konfime ke li pran li pwèske 48 jiska 72 èdtan pou rive Ayiti. Li esplike li fè yon latriye detou yon fason pou li evite pase sou tèritwà yon latriye peyi ki pa vle wè li akoz batay ke lap mennen atravè mouvman afrikanism lan. Li oblije pase Ewòp, transbòde jis Kiba, pou finalman ateri nan Okap Ayisyen. “Ayiti se yon tè senbolik pou nenpòt ki panafwikanis ki vle transande…Se vre nan moman sa yo Ayiti ap fè fas ak yon sitiyasyon kawotik, men se nan sitiyasyon sa yo pafwa yon seri delivrans konn soti”, apouswiv Kemi Seba ki tap repon kesyon yon jounalis lokal.

Kemi Seba prevwa bay yon konferans pou Lapwès demen jedi 29 me 2025 lan, vè 11è nan Brise de Mer, nan vil Okap Aysyen.pou esplike motif prezans li sou tè Desalinn nan ki se, raple ayisyen yo ke yo pa dwe batay ant yo menn, men se batay kont antite ki mete do Ayiti atè a.

Nap raple, 2 jwen 2025 kap vini la, se pral jou-J gro konferans ki pral make toune aktivis la. Yon konferans ki pral chita plis sou “Le panafricanisme: ultime option pour la reconstruction d’Haiti. Randevou kase nan Université d’État d’Haiti, Campus Henry Christophe de Limonade.

Share:

Leave a reply