Arestasyon yon gro bwà DGI ki fèt wout kwochi ak sakèt Leta

492
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan latriye koukouwouj ki lage dèyè yon dividal pwezime eskanmòtè kap jwe nan sakèt Leta ki se yon byen kolektif, lapolis, nan yon operasyon “bare vòlè”, anvayi jodi madi 27 me 2025 lan, biwo Santràl DGI a, nan Ri Krist, nan Pòtopwens. Konsa, yo mare tankou krab, Jean Jonas Jean, alatèt responsab seksyon idantite a, nan enstitisyon an.

Enfòmasyon ki rive sou TRiboLAND, konfime arestasyon poulen DGI a, Jean Jonas Jean. Yo akize li kòm moun ki fè wout kwochi avèk sakèt Leta ki estime plis pase 3 milyon goud ant 1 septanm 2024 pou rive 19 fevriye 2025, daprè plizyè sous medyatik.

Arestasyon Jean Jonas Jean an, bay anpil tranchman vant ak lawouli. Anpil nan pwezime anafè ki fè pati Santral DGI a, ta soti pou pèdi bonnanj yo. Andis yo ta montre mesye Jean ta rekonèt repwòch ankèt yo ta andiskitab. Pou koulya, l’ap reflechi nan kalabous, an atandan demaraj pwosedi lajistis yo.

Share:

Leave a reply