Pandan KPT a ap grate santi ak pyafe nan kòripsyon, plizyè chofè kole pyese pou grate yon ti twonson wout Montò Ganize e Karis

639
0
Share:
TRiboLAND

Karis, Ayiti_____(TRiboLAND) Pandan kòripsyon ap taye banda e enkonpetans ak san sal karakterize bagay ke yo rele KPT enpoze a, plizyè lokalite ap pran lanm nan nivo enfwastrikti woutyè. Konpòtman gouvènman sangwen an ki se “Naje pou’w sòti” egzije yon latriye inisyativ kole pyese nan plizyè rejyon nan peyi Dayiti kap fè fas ak enposib.

Konsa, yon premye jounen travay kole pyese sou almelyorasyon twonson wout Montò Ganize – Karis tanmen dimanch 11 me 2025 lan, gras ak inisyativ sèktè transpò komin Karis la, ki genyen nan tèt li chofè Michel Fils Aimé, Odlens, Kèkè, Ti Kamil ak Yodi, 5 kondiktè ki asèpte kontribye tchotcho pou achte gaz ak peye yon operatè bulldozer ki pou fasilite pase men sou twonson wout sila ki se yon veritab Vale Lamò, patikilyèman nan lokalite Savann Bolye, pi gro defi zòn nan.

Anfen, se lawont nèt ale atravè larepiblik pou yon lòbèy ki rele tèt li TPTC!! Yon Leta koupyon, yon gouvènman alafwa mafya ou gang, pa ta kapab ofwi lòt bagay, sinon ke montre veleyite pou kontinye dekapitalize malere e apovri yo nan tout dimansyon, tankou oblije kontribyab yo depanse menm pou gaz pou sèvis piblik ki se yon obligasyon etatik nan tout peyi.

Share:

Leave a reply