Lapopo demantibile Vilaj Dedye anba gwo fwàp dronn eksplozif; plizyè tèworis ta sanble al bwachat

582
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapopo mennen yon operasyon tranble janm nan Vilaj Dedye ki bay anpil panik ak lawouli nan mitan popilasyon an jodi madi apremidi 7 me 2025 lan.

Selon sa ki rive nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, chèf lòd yo profite yon defoulman nan moman yon seyans footbòl ki te opoze Inter Milan ak FC Barcelone, reyalize yon atak dronn eksplozif byen planifye sou band teworis yo. Konsa, plizyè nan kriminèl sila yo ta sanble al bwachat, alòske yon latriye lòt blese.

Atak sila, ki reyalize avèk plis pase yon demi douzènn dronn, koze anpil gro dega lakay annafè yo. Plizyè teworis, jwenn bon jan kichòy, pou yo pa janm fè sa ankò. Pye kase, vizaj defigire avèk eksplozif, san konte yon latriye ki genyen diferan manm nan kò yo ki konplètman krabinen.

Konsa, atak sila ta kalifye kòm youn nan pi gro atak lapopo pa janm fè nan basyon tèworis yo ki se Vilaj Dedye. Enfòmasyon yo fè konnen, ta genyon yon bon valè moun nan vilaj la ki oblije lage pye yo anba gro detonasyon eksplozif ki bay anpil panik ak tranble janm.
Pandan ke yon pakèt rimè ap anpwazone rezo sosyàl yo; bilan lapolis yo aprè operasyon sila ki ta sanble melanje ak etranje, toujou nan pasaj.

Share:

Leave a reply