Site Solèy Vyolans seksyèl: Yon ti lèzanj 6 lane mouri aprè ke yo te vyole li nan yon kan deplase.

675
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens, Ayiti______(TRiboLAND) Yon ti lèzanj 6 lane jwen lanmò li nan Centre Hospitalier de Fontaine nan Site Solèy jounen samdi 3 me 2025 lan; selon enfo yo, ti fiyèt sila ta jwen lanmò li aprè key o tef inn vyole li sovajman nan yon kan deplase. Ankèt medikal yo revel eke li te soufwi yon gro dechri vaginal ki te manifeste avèk anpil vyolans. Malgre mannèv ou entèvansyon medikal, ti inosan an te arive pèdi lavi li.

Yon dràm pami yon katafaldràm ki endinye yon lòt fwa ankò popilasyon ayisyèn fas ak yon Leta ou yon gouvènman gang ki livre ou fòse sitwayen yo refijye nan pwòp peyi yo. Anpil endinyasyon ak vyolans entolerab, ki nesesite yon revòl nasyonal ki merite egzijans degèpisman ak aksyon legal nan vivo entèbasyonal kont dirijan sansal ou vwayou ki pa valorize moun.

Fas ak yon dènye moute vyolans enfènal, defansè dwà moun ou timoun pa genyen bouch pou klewonnen nivo krim sila yo ki pa genyen mo pou defini yo. Pa genyen otorite; e menm si ta genyen, yo plonje nan piye lajan Leta ak fè tèt yo pase kòm alye gang san moralite ki fèmen zye yo sou yon katafal vyolans tou kalite.

Ke nanm ti viktim inosan sila, tounen yon touman kont tout gang sangwen ak dirijan sansal ki mete avèk gang pou kreye fo fim ak teworize yon nasyon! Ke chak vi nan fanmiy dirijan ou politisyen ki mete nou tribilasyon sila, jwen bouchon e ke espwi tout inosan ki mouri vizite chak fanmiy sila yo ki konplis nan agoni ak soufwans popilasyon ayisyèn nan!

Share:

Leave a reply