Chanjman nan direksyon depatmantal edikasyon Grandans lan

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Pwofesyonèl Georges Jean Barth, se nouvo direktè depatmantal edikasyon nasyonal nan Grandans peyi a. Li ranplase nan pòs sila, ansyen direktè depatmantal, pwofesè Jean Marcel Jean Jeanty ki transfere nan biwo santral ministè a, nan Pòtopwens.
Nouvo direktè a mande kolaborasyon tout sektè nan sosyete a; konsa, lap kapab restore otorite sistèm edikasyon an depi yon bout tan ki tombe alagraba. Se delege depatmantal Grandans lan, Paulemont Michel, minis edikasyon an ak minis entreryè a ki te pwosede ak entalatasyon nouvo direktè a, Georges Jean Barth.
Nan diskou delege depatemantal la, misye mete aksan sou nesesite pou entegre jenn kad pwofesyonèl edikatif fòme yo nan sistèm lan nan Grandans.
Nap fè remake, ansyen direktê Marcel Jean Jeanty, pat mete pwent pyė l nan seremoni enstalasyon kòlèg li ,pwofesè Georges Jean Barth. Nan pwopo sikonstans nouvo direktè a, li di mèsi minis Augustin Antoine, ak présidant KPT a, ekonomis Fristz Alfonce Jean pou konfyons yo plase nan li. Konsa, li pwomèt bon jan rezilta nan parèy pòs.






