Cenacle des Journalistes du Sud-Est: Jounen pòt ouvè sou ensekirite a an Ayiti

Jakmèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad angajman li pou sansibilize popilasyon an ak tout lòt aktè konsène yo sou defi ki genyen ak pwoblèm ensekirite a nan peyi Dyiti, Cenacle des Journalistes du Sud-Est te òganize yon jounen pòt ouvè sou ensekirite a an Ayiti, nan samdi 12 avril 2025.
Yon latriye jounalis tout plimay te ranpli sal konferans Meri Jakmèl la, alòske aktivite a te plis chita sou tèm “Ansanm, denonse ak lite kont ensekirite”. Plizyè otorite lokal te reponn prezan, san konte reprezantan fòs lòd yo, aktè jidisyè yo, manm kominote inivèsite a, ak sosyete sivil la pou yo te kapab fè ti bat bouch sou koz, enpak ak solisyon posib pou kriz sekirite kap bwase bil peyi a.
Daprè Danise Davide Lejustal, Prezidan Cenacle des Journalistes du Sud-Est la, entèvnan yo ak patisipan yo te reflechi e pwopoze aksyon pou fèt pou resisite yon klima sekirite djanm ak yon lapè ki dirab nan peyi Dayiti.






