Aruba Airlines anonse premye lansman vòl pawezaj dirèk ant Pòtopwens e Miami apati 28 mas 2025 lan.

291
0
Share:
TRiboLAND

Par TRiboLAND.com

Pandan ke konpany ayeryèn blan meriken yo repòte vòl ayeryen sou Ayiti yo pou yon lòt kèlke mwa ankò, Aruba Airlines anonse premye lansman vòl ayeryen li yo ant Pòtopwens e Miami apati 28 mas 2025.

Yon parèy inisyatif mete lajwa nan mitan popilasyon ayisyènn lan ki tap soufwi anpil nan kad vwayaj entènasyonal yo ki te moribon, patikilyèman nan kapital la, Pòtopwens.

Li enpòtan pou soulinye, nan yon nòt pou laprès ki Aruba Airlines mete deyò, responsab yo presize ke yon parèy inisyatif vize amelyore deplasman ant peyi Dayiti ak Etazini; anplis yo estime ke se yon bon opsyon bab e moustach pou sa yo ki te toujou swete fè va e vyen Miami.

Share:

Leave a reply