Jeremi administrasyon piblik : Koripsyon rèd mare nan lopital Sentantwànn

03 – 11 – 2025
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Swit ak denonsyasyon yon madam ki rele Gracia Estime, paran yon malad nan lopital Sentantwànn Jeremi, otorite responsab yo pwosede ak arestasyon ajan sekirite, Bob Charles nan kad vann yon fo bonbònn oksijèn pou 150000 goud.
Jij depè sipleyan tribinal depè Jeremi an, sou rekomandasyon direktè depatmantal Sanitè Grandans lan, doktè Pierre Boutròs Gally, mèt Christin Joassaint pwosede ak arestasyon Charles e fèmen li nan prizon.
Daprè nouvo direktè depatmantal Sanitè Grandans lan Pierre Boutròs Gally, sou administrasyon pa li a, pap nan tete lang ak koriptè, volè kap fè pèp la mal, menm lè sa kapab koute vi l, fòk peyizan yo, mas pèp la jwenn sèvis kòm sa dwa nan lopital Sentantwann Jeremi a.
Doktè a, rabat pou li lanse yon mizangad bay kelkeswa moun li ye a; pou yo mache selon la lwa ak pwensip administrasyon sante a, si non lap aplike la lwa kont tout moun ki panse yo ka sabote ou dechèpiye byen Leta.






