Batay la kare: PNH ak alye itilize “High tech” zouti pou konbat group gang sansal yo

423
1
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon seri dwònn militè atake fyèf chèf teworis la, Jimmy Cherisier alyas Barbecue, se sa Premye minis Alix Didier Fils-Aimé fè konnen lè li felisite premye misyon dwònn telegide ki tap paweze sou tèt gang sangwen yo.

Selon enfo, lapolis ta sanble genyen kichòy nan men yo, kote ke yo tap teste yon seri ekipman ki ta sanble bay bonjan rezilta grese sere nan sible ak idantifye gang yo ou aktivite yo avèk anpil presizyon telegide. Konsa, yon parèy strateji pèmèt yo ta kòmanse ap jwen tchoutchout gang sansal yo ki pa sispann miltipliye atak san pitye sou popilasyon an.

Premye minis Fils-Aimé bat gro bwavo ak kontantman pou premye misyon sila ki okazyone anpil sangwen tonbe ak blese, gras ak dwònn presizyon gide sou tèt kriminèl yo. Enfomasyon yo ale pi lwen pou fè konnen, menm yon machinn ki tap transpòte chèf group gang “Viv Ansanm” nan, ta sanble touche; yon enfòmasyon ki rete nan nivo rimè sou rezo sosyàl yo.

Antouka, sa ki esansyèl, koulya se nan yon fas “high tech” ke jwèt la antre. PNH la ansanm ak tout alye kap konbat sangwen kriminèl yo nan peyi Dayiti, genyen bagay trè modènn ou sofistike ki kapab parachite sou tèt sansal yo eksplozif presizyon telegide kèlke swa kote yap vire tounen atravè kapital la, si nou ta vle kwè yon resposab PNH ki vle rete nan anonima.

Share:

1 comment

  1. Tyree Bacha 3 March, 2025 at 05:33 Reply

    I precisely had to appreciate you once more. I do not know what I would have done in the absence of the type of thoughts discussed by you regarding this question. Completely was the frightening dilemma for me, nevertheless being able to view a new expert form you managed it forced me to leap over gladness. I’m happier for your service and have high hopes you really know what a powerful job your are getting into training others all through your webblog. I am certain you’ve never got to know all of us.

Leave a reply