Ti Gwàv : Kay koule tronpe solèy, men li pa kapab tronpe lapli: finalman ansyen polisye kriminèl, Jerry Anderson Leconte pran “Bwa Kale”

365
1
Share:
TRiboLAND

01 – 20 – 2025

Ti Gwàv, Ayiti_____(TRiboLAND) Jerry Anderson Leconte ke popilasyon Ti Gwàv la tap chèche tankou peny tidan jwen ak bouchon li jodi lendi 20 janvye 2025 lan nan komin Ti Gwàv.

Jerry Anderson Leconte, se yon ansyen polisye e yon evade prizon ki genyen san yon latriye inosan nan men li. Yo repwoche li pou zak kriminèl ke li komèt sou plizyè sitwayen nan komin Ti Gwàv, tankou yon papa senk timoun ak yon jounalist lokal.

Jerry Anderson Leconte

Jerry ki tap konpòte li kòm lwijanboje, papèchay te tante yon lòt fwa ankò tire sou yon sitwayen, jan li abitye fè li san tèt chaje, te al jwen ak zo grann li. Konsa, fòs sekirite yo nan komin Ti Gwàv te pwosede ak arestasyon li. Antouka, sa popilasyon an tap chèche anlè, li jwen li atè! Anime anba gro kout san ak machwè gonfle, popilasyon an ki te ankolè, arive mete dife nan kay ansyen evade prizon an; konsa, yo atrap Jerry anba men polisye yo, e enskri li nan pwogram “Bwa Kale” a.

Anpil moun te konnen Jerry Anderson Leconte te intouchab; li komèt yon latriye krim nan komin Ti Gwàv e pat janm genyen bonjan pouswit legal serye dèyè li. Antouka, jodi lendi 20 janvye 2025 lan, kriminèl ki abitye mete dlo nan je popilasyon Ti Gwàv, mache pòs li e pap janm fè sa ankò!

Share:

1 comment

Leave a reply