Yon jij sispèk ki ta genyen men li tranpe nan asasina Jovenel Moise, bay planèt la do

281
0
Share:
TRiboLAND

Par TRiboLAND.com

Si nou ta vle kwè yon latriye medya, ansyen jij Lakou Kasasyon, Pwofesè Dwa Komèsyàl ak Syans Ekonomik, Wendelle COQ Thélot, ki te nan mawon depi aprè asasina prezidan Jovenel Moise la, kase yon kite sa, yèswà aprè yon malmakak.

Enfòmasyon yo fè konnen ke lanmò Mèt COQ, ta konsekans yon kochma pandan lanwit ki ta presipite lanmò li; malgre gwo bràs ak mannèv trese lèl ki tap manniganse pou transpòte li lopital, pwezime koupab la pat arive suviv.

Mèt COQ gro akizasyon malè pandye sou tèt li, kòm moun ki ta enplike nan zak asasinay Jovenel Moise. Li te nan sere depi yon bon bout tan aprè ke DCPJ te lage yon manda trennen pote vini dèyè li.

Ke nanm Mèt Wendelle COQ Thélot repoze nan lapè etènèl e ke manm fanmiy ak zanmi alije yo jwen konsolasyon bò kote Granmèt la!

Share:

Leave a reply