Fondasyon TRiboLAND klotire 2 jounen fòmasyon gratis sou “Dread Locks” nan komin Wanament

284
0
Share:
TRiboLAND

12 – 15 – 2024

Wanament, Ayuiti_____(TRiboLAND) Pandan komin Sèka Lasous ap prepare pou resevwa fòmasyon gratis sou dekorasyon,  plis pase 70 jèn fi ak jèn gason mete fen nan 2 jounen fòmasyon gratis sou “Dread Locks” ki tap dewoule jounen samdi 14 e 15 dimanch 2024 la nan komin Wanament.

Yo te plizyè dizèn jèn ki te brave lapli ak labou pou arive patisipe nan gwo fòmasyon gratis Fondasyon TRiboLAND ki tap òganize nan Lekòl Nasyonal Wanament lan anfas tribinal depè a. Yon seyans aprantisaj ki te chita sou abilite konpetans manyèl ou “métier de mains”, yon inisyativ ki vize bay jèn Nòdès yon asèt ekonomik kap anpeche yo pran chemin gang, prostitisyon ak debòch amoral.

Fondasyon TRiboLAND, pa sispan bat gro bravo pou kòdinasyon lokal la, ki genyen nan tèt li Enjenyè Louendy Jean ak madam Erlla Myrtile ki tef è yon sèl tèt kole ak rès manm komite yo pou livrezon machandiz la ki te mete anpil kontantman nan kè aprenan yo.

Bravo pou e chapo ba pou madam Cadette Cadet, fòmatris chevrone ki enpekab nan sa ki genyen pou wè avèk ekspètizm nan “Dread Locks” e latriye.

Share:

Leave a reply