Lavèy Jounen Entènasyonal Dwa Moun yo, Asosyasyon Moun Andikape yo nan Grandans peyi a (APHAGA) poze pwoblèm vyolans lan atravè yon jounen refleksyon

317
0
Share:
TRiboLAND

12 – 09 – 2024

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Jounen lendi 09 desanm 2024 lan, diferan manm asosiasyon moun andikape yo, ki te soti atravè 14 komin depatman Grandans lan, te reyini nan konplex administratif lan, nan vil Jeremi pou denonse tout fòm vyolans ak diskriminasyon moun mobilite redwit yo ap fè fas.

Refleksyon yo te pataje e anpil entèvenan pat mete dlo nan bouch yo pou denonse nivo vyolans andikape yo ap sibi nan dènye jou sa yo nan men sosyete a. Majò Jon asosiasyon an, branch Grandans lan, Ricot Joseph te poze pwoblèm ratman materyèl ki rann travay la pi difisil. Li fè konnen, anpil nan materyèl sa yo ke yo te konn itilize pou fè deplasman yo, lavalas dlo pote yo ale.

Ajoute ak sa, peryòd lapli a vinn konplike pi rèd kotidyen sitwayen yo kap moute yon syèl lanvè landwèt nan Grandans. Bandi sanfwa ni lwa profite kòmèt zak kadejakè sou ti nosan ti fi ak jenn fanm andikape.

Popilasyon Grandans ap fè fas kare ak enposib. Anpil kay anba dlo, tèt betay mache pòs yo; alòske viktim yo ap fè gwo rèl e egzije jistis ak reparasyon, atravè reprezantan yo ki se Genard Joseph, Sekretè Deta moun Andikape yo.

Share:

Leave a reply