Nou reyèlman desann ba: Lajistis ap vann an detay nan timamit nan Okap Ayisyen

501
0
Share:
TRiboLAND

11 – 24 – 2024

Kap Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Anpil moun rele ayayay nan dezyèm vil peyi a aprè Direksyon depatmantal polis Nò a mete sou pye yon estrikti ki genyen pou wè avèk egzekisyon manda.

Daprè yon latriye viktim ki tap plenyen, yo lonje dwàt raketè sou dirèktè polis la, Fred Joseph, yo di ki egzije pou pi piti yon magogo 2, 500 goud oubyen yon valè 5,000 goud frè egzekisyon yon manda pou yon viktim kap chèche wout la jistis.

Selon moun kap plenyen yo, se paske peyi Dayiti genyen otorite vwayou, ki fè yo kapab menm oze mande popilasyon an lajan pou yon manda arestasyon yon annafè. Menm jan genyen, otorite Leta kap itilize ekipman travo biblik yo reklame lajan ak frè pou gaz pou pase men nan yon espas piblik.

Lajistis ap lote e vann nan timamit, otorite ap bwase nan nenpòt fason yon santi yo alèz anba je yon Leta vwayou ki gansterize. Kontrèman nan lòt peyi, gen sèvis Leta pa kapab vann; sitou lè sitwayen yo se kontribyàb kap onore taksasyon yo. Se yon veritab “Wont” pou yon peyi tonbe ase ba e dezonè. Pa genyen sèvis Leta ankò, yo privatize sekirite, travo piblik, kouran elektrik, blende taksi pou travèse moun, lajisti ou egzekisyon arestasyon, gaz, netwayaj, swen sante, kominikasyon ak asistans sosyàl.

Anpil moun ke asassen ou kriminèl foure dwàt nan je yo, pa genyen po dan yo pou peze kè yo ak gaz, ale wè pou jwen lajan pou peye pou manda. Kritik yo estime, se sèl “bwa kale” ki pou rale pye kriminèl yo desann ki nan tèt peyi sa, yon fason pou genyen yon ti amelyorasyon, dapwè Justin, yon sitwayen rezidansyèl ki tap opine.

Share:

Leave a reply