Divès sitwayen angaje denonse dezòd tout kalite yo di kap fèt nan Fò Libète, komin Tigwav.

09 – 24 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Divès sitwayen angaje nan yon interview yo akòde ak repòtè TRiboLAND jounen madi 24 septanm 2024 la, pa mank mo pou denonse dezòd tout kalite yo di kap fèt nan Fò Libète ki twouve li nan komin Tigwav.
Pou sitwayen yo, Fò Libète genyen yon pakèt enpòtans pou popilasyon tigwavyèn nan. Yo deklare se Fò a, zansèt nou yo te kon’n itilize pou batay kont ènmi yo ki souvan te kon’n vin atake yo. Tigwavyen yo estime li pa nòmal pou se Fò a pastè ameselès yo itilize pou fè jèn priyè ak rele anmwey maten midi swa san konte lòt dezòd yo esplike kap fèt nan espas Fò a, pandan yo presize se yon espas sakre ki ta dwe rezève.
Nan sans sa a, sitwayen konsekan avize yo mande katèl enterimè komin Tigwav la pou pran resposabilite yo, yon fason pou yo genyen yon rega espesyal sou Fò a. Yo egzije tou restorasyon Fò a ki se youn pami gwo patrimwàn komin Tigwav pwosede e si pa gen anyen ki fèt, moun riske pa frekante sit istorik la.
Nap raple, Fò Libète te konstwi nan lane 1808 sou prezidan Borno Lamarre. Li pami yon pakèt lòt ke zansèt nou ye te konstwi pou mete dlo nan diven kolon anvayisè yo.







Triboland latoti fonkiyèz
Pèp la dwe lève kanpe
Tribolend port de paix MST
Nap raple, Fò Libète te konstwi nan lane 1808 sou prezidan Borno Lamarre. Li pami yon pakèt lòt ke zansèt nou ye te konstwi pou mete dlo nan diven kolon anvayisè yo.
Fondation Triboland Mombin-Crochu