6èm Senpozyòm sou gouvènans kominal la sekwe komin Gromòn

394
6
Share:
TRiboLAND

09 – 20 – 2024

Gromòn, Ayiti_____(TRiboLAND) Se jodi vandredi 20 septanm lan 6e senpozyòm sou gouvènans kominal la te arive materyalize anba direksyon komite nasyonal senpozyòm ki gen sig li CNS nan lang blan franse.

Plizyè pèsonalite te pran lapawoli nan diferan bèl sijè ki tap kenbe yon piblik enpresyonan ki te fè djapòt anndan legliz Nazareyen Gwomòn nan, nan depatman Latibonit. Patisipasyon piblik la, te revele ireprochab; alòske pat genyen kote pou pike zepeng anlè tankou atè, san nou pa pale deyò sou lakou enstitisyon relijyez la ki te chaje avèk moun.

Pami pèsonalite ki te pran la pawòl nan gro sòlòkòtò sila, nou ka site: DEUS Deronette ansyen lejislatè nan palman ayisyen, Carltz Robert Steeve NELSON, Agwonòm Richemond LOUIS, Jeremie MACELUS, Masteran Nan filozofi e Agwonòm Guy-Mary GARCON

90% nan ekspè sa yo ki tap depoze, se pitit Gwomòn. Yo tap devlope plizyè gwo sijè ki te adrese trè problematic peyia, patikilyèman nan “La Bonne gouvernance”. Anpil bèl gro koze pale; depi soti 9è nan maten rive 4è nan aprèmidi. Se te yon jounen byen reyisi pa rapò ak sa piblik la te eksprime nan mikwo TRiboLAND: anpil bon bèt te tonbe e yo te swete ke fòmasyon sa ta rive itil komin Gromòn e menm peyi a pou yon bon gouvènans nan kad chanjman kap pwone digdantan nan Dayiti.

Share:

6 comments

Leave a reply