CODEG deklare si leta Ayisyen pa retabli sekirite nan Komin Gresye rewouvèti lekòl la pap posib pou mwa doktòb la.

09 – 04 – 2024
Gresye, Ayiti ___(TRiboLAND) Conseil des directeurs d’École de Gressier, nan yon konferans pou lapwès nan Lise Anakawona nan komin Leyogan jounen mèkredi 04 septanm 2024 la, fè leta ayisyen konnen sil pa kapab retabli sekirite nan komin Gresye, rewouvèti lekòl la pap posib pou mwa oktòb la.
CODEG atire atansyon otorite yo ki piwo plase nan leta a, yo nan gwo nesesite, yo nan gwo bezwen pou yo tounen lakay yo, CPT- Conille lan dwe fè tout sa ki nan pouvwa yo pou retabli sekirite nan peyi patikilyèman komin Gresye. Ansanm direktè lekòl deplase yo nan komin Gresye presize, menmsi sekirite a ta retabli, rewouvèti klas yo ap toujou pa posib lè yo konsidere kantite pwoblèm tout sektè yo ap andire nan komin nan, espesyalman sektè edikasyon an.
CODEG deklare bandi kriminèl yo detwi tout ensfrastwikti eskolè yo tankou, boule lekòl, boule tout materyèl eskolè yo, boule kay ak biznis elatriye. Pou lekòl la revlouvri nan komin Gresye, CODEG egzije leta ayisyen pou satisfè plizyè revandikasyon pami yo:
1) Ministè Edikasyon Nasyonal dwe repòte nan mwa desanm dat limit poul resevwa desizyon fen dane yo.
2) Yo dwe assiste direktè lekòl ki nan zòn wouj yo
3) Ministè Edikasyon Nasyonal dwe dekese yon fon atravè FEN pou ede tout direktè lekòl ak pwofesè yo ki nan zòn ki cho yo
4) Ministè Edikasyon Nasyonal dwe founi bay lekòl yo materyèl didaktik ak imobilye pou ranplase tout sa yo te deja genyen akoz neglijans ak ensousyans leta ki kite bandi kriminel yo piye epi disparèt yo anba gwo flanm dife pou n site sa yo selman.
Toutfwa responsab CODEG nan komin Gresye deklare si leta ayisyen pa satisfè ansanm revandikasyon sa yo, ane lekòl akademik 2024 – 2025 deja pati sou yon movèz pant.







Un plan de sécurité doit établir pour redonner l’ordre.
Tribolend port de paix MST
TRiBoLAND
Bon travail TRiBoLAND
Se pou leta ayisyen pwan dispozisyon pou yo , pou yo mete bon jan sekirite nan peyi , pou timoun yo Al lekol nan trankilite san kè sote pou yo reprann ouvèti lekol mwa oktob la kote polisye yo ap fè devwa yo pwoteje e sèvi
Se tout kote an ayiti ki pa gen sekirite
Fondation triboland Mont organiser
TRiBoLAND Mont-organise
TRiBoLAND Mont-organise