Anviwon 100 moun siyen yon petisyon nan komin Tigwav pou atire atansyon otorite yo sou yon seri enkoni ki anvayi vil la.

322
3
Share:
TRiboLAND


09 – 02 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Anviwon yon santèn fanm ak gason san konte jèn kap viv nan yon geto ki rele nan Pèsen, nan vil Tigwav, siyen yon petisyon pou voye depoze nan pakè jiridiksyon Tigwav la, yon fason pou atire atansyon komisè gouvènman Pierre Elioth Paul sou yon kantite je enkoni ki anvayi vil la e yap komèt betiz tout kalite.

Selon pòt pawòl gwoup petisyonè yo, Dorce Jean Robert atire atansyon otorite yo nan lajistis sou yon seri figi yo pat konn abitye wè kap rantre nan zòn Pèsen an. Sa ki bay kè sere, poulen tout plimay sila yo, pa ezite komèt tout kalite betiz nan rejyon an. Egzibisyon sisinaj ki tèt koupe ak mouvman “Masi Madi”, pa sispann bay kè sere ak lawouli; mete sou sa, enkoni yo ap fimen bagay Bob Marley a.

Toutfwa, petisyonè yo mande komisè gouvènmen pakè Tigwav la, Pierre Elioth Paul, komisè polis la, Pierre Bellamy Samedi ak otorite nan meri Tigwav la, pou founi je gade yon fason pou genyen kontwòl enkoni yo ki vle simen latwoublay nan ghetto Pèsen, vil Tigwav.

Share:

3 comments

Leave a reply