Yon polisye inyoran souflete yon pwofesè ki tap revandike aryere salè a devan katedral Okap la nan moman selebwasyon bikolò ayisyen an

645
0
Share:
TRiboLAND

Kap Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Kalòt, kout pye, tribichman ak sotiz, se tout yon kòbèy desepsyon ke yon pwofesè lekòl pwotestatè resevwa nan men yon polisye politou inyoran, devan katedral Notre-Dame Cap-Haitien an, jounen jodi 18 me 2025, dat ki make 222 ane kreyasyon bikolò ayisyen an.

Pou anpil moun, se plis ke yon desepsyon. Yo estime ke polisye sila tou senpleman aje swivan konpòtman lòbèy ki pa montre ke yo se ayisyen ale wè pou yo ta genyen ti kal respè pou popilasyon ke yo ap depatcha a.

Anpil pwofesè ki te prezan nan moman agresyon polisye a, egzije san pèdi tan revokasyon sovaj la ki inyore sinifikasyon yon parèy jounen nan kad selebrasyon bikolò ayisyen an. Kèk kritik kwè, ke li reyaji anfonksyon nivo li e swivan jan li wè dirijan sangwen ak kòriptè ap souye drapo peyi a nan tretman ak gagotaj ke yo ap miltipliye nan vòlò sakèt Leta.

Yon group pwofesè, pa inyore ke konpòtman polisye pa depaman ak konpòtman yon seri polisye koupyon ak gang anba chal ki toujou ap maltrete popilasyon an, chak fwa yo ap pwoteste lamizè ak ensekirite pandan yon seri manifestasyon. Konsa, yo egzije egalman yon ankèt endepandan e menm ale pi lwen pou reklame dedomajman anfavè pwofesè viktim nan ki te sèlman ap revandike salè fòs kouraj li ke otorite etatik yo ap gagote.

Antouka, menm jan avèk 9 manm bwasè KPT a kap lave yon magogo 299 milyon goud nan yon selebwasyon 18 me maskarad nan vil Okap, Avèk yo seri dirijan ki pa bouke fè prèv inyoran, sadik ak kòriptè fas ak gouvènans peyi a, polisye gwayil politou a, inyore enpòtans dat 18 me a nan lavi chak sitwayen ayisyen. Alò, si lòbèy ki rele KPT a te valorize sekirite, dinyite, libète ak edikasyon, ajan politou a pa tap janm genyen yon parèy besyalite anvè yon pwofesè, petèt kap fòme pwòp pitit li ou manm fanmiy li.

Nap raple, jeneralman sitwayen ayisyen pa negosye drapo li, kèlke swa sikonstans; fyète li se drapo li. Pito ou fè ayisyen tout bagay e menm anlve lavi li; pa manke souye drapo li! Kidonk, se yon fyète ou kapab pa jwenn sèlman lakay dirijan Chal Oska nou yo, ki plis enterese mete tèt ak kolon sansal pou ekstèmine pwòp sitwayen ayisyen. Popilasyon an toujou pran kalòt anba krif dirijan yo; konsa, polisye politou a senpleman kopye aksyon dirijan kriminèl yo ki pa sispann kalote popilasyon an chak jou ki jou!

Share:

Leave a reply