Lopital OFATMA nan Nòdwès peyi Dayiti lanse depistaj kansè kòl matris pou medam yo gratis.

297
0
Share:
TRiboLAND

08 – 27 – 2024

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou yon lòt fwa ankò, responsab lopital OFATMA yo nan depatman Nòdwès peyi Dayiti, lanse yon seyans depistaj kansè kòl matris pou medam yo gratis.

Dapwè enfòmasyon direktris depatmantal OFATMA a, madam Carline Léandre Telusnor pataje ak korespondan TRiboLAND yo, seyans depistaj sa yo pral gen pou òganize nan lopital OFATMA a ki twouve li nan lokalite Lasalin, 3e seksyon Polen/Lakòn, nan dat 30 dawou k ap vini la a, sòti 9h pou rive 2h nan apre midi.

Li enpòtan pou konnen, nan menm jounen 30 dawou a, medam yo ap tou benefisye yon tretman prekanserez.

Share:

Leave a reply